< Proverbs 16 >

1 It is for man to prepare the soul, and for the Lord to govern the tongue.
Plan kè a sòti nan lòm; men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
2 All the ways of a man are open to his eyes; the Lord is the one who weighs spirits.
Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li; men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
3 Open your works to the Lord, and your intentions will be set in order.
Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a, e plan ou yo va etabli.
4 The Lord has wrought all things because of himself. Likewise the impious is for the evil day.
SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; menm mechan yo pou jou jijman an.
5 All the arrogant are an abomination to the Lord. Even if hand will be joined to hand, he is not innocent. The beginning of a good way is to do justice. And this is more acceptable with God than to immolate sacrifices.
Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a; anverite, li p ap chape anba pinisyon.
6 By mercy and truth, iniquity is redeemed. And by the fear of the Lord, one turns away from evil.
Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave; e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
7 When the ways of man will please the Lord, he will convert even his enemies to peace.
Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
8 Better is a little with justice, than many fruits with iniquity.
Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
9 The heart of man disposes his way. But it is for Lord to direct his steps.
Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.
10 Foreknowledge is in the lips of the king. His mouth shall not err in judgment.
Se desizyon diven ki nan lèv a wa a; bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
11 Weights and scales are judgments of the Lord. And all the stones in the bag are his work.
Yon balans ki jis apatyen a Bondye; li veye sou tout pwa nan sak yo.
12 Those who act impiously are abominable to the king. For the throne is made firm by justice.
Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, paske yon twòn etabli sou ladwati.
13 Just lips are the will of kings. He who speaks honestly shall be loved.
Lèv ki dwat se plezi a wa yo; e sila ki pale dwat, vin renmen.
14 The indignation of a king is a herald of death. And the wise man will appease it.
Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; men yon nonm saj va kalme li.
15 In the cheerfulness of the king’s countenance, there is life. And his clemency is like belated rain.
Nan vizaj a yon wa briye lavi; e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
16 Possess wisdom, for it is better than gold. And acquire prudence, for it is more precious than silver.
A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
17 The path of the just turns away from evils. He who guards his soul preserves his way.
Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
18 Arrogance precedes destruction. And the spirit is exalted before a fall.
Ògèy ale devan destriksyon e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
19 It is better to be humbled with the meek, than to divide spoils with the arrogant.
Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
20 The learned in word shall find good things. And whoever hopes in the Lord is blessed.
Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21 Whoever is wise in heart shall be called prudent. And whoever is sweet in eloquence shall attain to what is greater.
Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22 Learning is a fountain of life to one who possesses it. The doctrine of the foolish is senseless.
Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.
23 The heart of the wise shall instruct his mouth and add grace to his lips.
Kè moun saj la enstwi bouch li; li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24 Careful words are a honeycomb: sweet to the soul and healthful to the bones.
Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
25 There is a way which seems right to a man, and its end result leads to death.
Gen wout ki parèt bon a yon nonm; men fen li se lanmò.
26 The soul of the laborer labors for himself, because his mouth has driven him to it.
Apeti a yon ouvriye fè byen pou li; paske se grangou ki ankouraje l.
27 The impious man digs up evil, and in his lips is a burning fire.
Yon sanzave fòmante mechanste; pawòl li yo brile tankou dife wouj.
28 A perverse man stirs up lawsuits. And one who is verbose divides leaders.
Yon nonm pèvès gaye konfli, e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
29 A man of iniquity entices his friend, and he leads him along a way that is not good.
Yon nonm vyolan ap tante vwazen li pou l mennen li nan move chemen.
30 Whoever, with astonished eyes, thinks up depravities, biting his lips, accomplishes evil.
Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès; sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
31 Old age is a crown of dignity, when it is found in the ways of justice.
Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.
32 A patient man is better than a strong one. And whoever rules his soul is better than one who assaults cities.
Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
33 Lots are cast into the lap, but they are tempered by the Lord.
Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

< Proverbs 16 >