< Genesis 26 >

1 And there was a famine in the lande besides the first famine that was in the dayes of Abraham. Wherefore Izhak went to Abimelech King of the Philistims vnto Gerar.
Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.
2 For the Lord appeared vnto him, and sayde, Goe not downe into Egypt, but abide in the land which I shall shewe vnto thee.
Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.
3 Dwell in this lande, and I will be with thee, and will blesse thee: for to thee, and to thy seede I will giue all these countreys: and I will performe the othe which I sware vnto Abraham thy father.
W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
4 Also I wil cause thy seede to multiply as the starres of heauen, and will giue vnto thy seede all these countreys: and in thy seede shall all the nations of the earth be blessed,
M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
5 Because that Abraham obeyed my voyce and kept mine ordinance, my commandements, my statutes, and my Lawes.
tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
6 So Izhak dwelt in Gerar.
Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a.
7 And the men of the place asked him of his wife, and he sayd, She is my sister: for he feared to say, She is my wife, least, sayde he, the men of the place shoulde kill me, because of Rebekah: for she was beautifull to the eye.
Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil.
8 So after hee had bene there long time, Abimelech King of the Philistims looked out at a windowe, and loe, he sawe Izhak sporting with Rebekah his wife.
Izarak te gen kèk tan depi l' te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li.
9 Then Abimelech called Izhak, and sayde, Loe, shee is of a suertie thy wife, and why saydest thou, She is my sister? To whom Izhak answered, Because I thought this, It may be that I shall dye for her.
Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye.
10 Then Abimelech said, Why hast thou done this vnto vs? one of the people had almost lien by thy wife, so shouldest thou haue brought sinne vpon vs.
Abimelèk di l': -Kisa ou fè nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avèk madanm ou! Se ou ki ta lakòz nou fè peche sa a.
11 Then Abimelech charged all his people, saying, He that toucheth this man, or his wife, shall die the death.
Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.
12 Afterwarde Izhak sowed in that lande, and founde in the same yeere an hundreth folde by estimation: and so the Lord blessed him.
Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
13 And the man waxed mightie, and stil increased, till he was exceeding great,
Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
14 For he had flockes of sheepe, and heards of cattell, and a mightie housholde: therefore the Philistims had enuy at him.
Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.
15 In so much that the Philistims stopped and filled vp with earth all the welles, which his fathers seruantes digged in his father Abrahams time.
Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè.
16 Then Abimelech sayde vnto Izhak, Get thee from vs, for thou art mightier then wee a great deale.
Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou.
17 Therefore Izhak departed thence and pitched his tent in the valley of Gerar, and dwelt there.
Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete.
18 And Izhak returning, digged the welles of water, which they had digged in the dayes of Abraham his father: for the Philistims had stopped them after the death of Abraham, and hee gaue them the same names, which his father gaue them.
Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a.
19 Izhaks seruantes then digged in the valley, and found there a well of liuing water.
Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe.
20 But the herdmen of Gerar did striue with Izhaks herdmen, saying, The water is ours: therefore called he the name of the well Esek, because they were at strife with him.
Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.
21 Afterwarde they digged another well, and stroue for that also, and he called the name of it Sitnah.
Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi.
22 Then he remoued thence, and digged an other well, for the which they stroue not: therefore called hee the name of it Rehoboth, and sayde, Because the Lord hath nowe made vs roome, we shall increase vpon the earth.
Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.
23 So he went vp thence to Beer-sheba.
Izarak pati, li moute Bècheba.
24 And the Lord appeared vnto him the same night, and sayde, I am the God of Abraham thy father: feare not, for I am with thee, and wil blesse thee, and will multiplie thy seede for my seruant Abrahams sake.
Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
25 Then he builte an altar there, and called vpon the Name of the Lord, and there spred his tent: where also Izhaks seruauntes digged a well.
Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi.
26 Then came Abimelech to him from Gerar, and Ahuzzath one of his friendes, and Phichol the captaine of his armie.
Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a.
27 To whom Izhak sayd, Wherefore come ye to me, seeing ye hate mee and haue put mee away from you?
Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an!
28 Who answered, Wee sawe certainely that the Lord was with thee, and wee thought thus, Let there be nowe an othe betweene vs, euen betweene vs and thee, and let vs make a couenant with thee.
Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.
29 If thou shalt do vs no hurt, as we haue not touched thee, and as we haue done vnto thee nothing but good, and sent thee away in peace: thou nowe, the blessed of the Lord, doe this.
W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou.
30 Then hee made them a feast, and they dyd eate and drinke.
Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè.
31 And they rose vp betimes in the morning, and sware one to another: then Izhak let them go, and they departed from him in peace.
Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo.
32 And that same day Izhaks seruantes came and tolde him of a well, which they had digged, and said vnto him, We haue found water.
Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.
33 So hee called it Shibah: therefore the name of the citie is called Beer-sheba vnto this day.
Izarak rele pi a Chibeya. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba.
34 Nowe when Esau was fourtie yeere olde, he tooke to wife Iudith, the daughter of Beeri an Hittite, and Bashemath the daughter of Elon an Hittite also.
Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou.
35 And they were a griefe of minde to Izhak and to Rebekah.
Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.

< Genesis 26 >