< Mark 5 >

1 And they came to the other side of the lake, into the territory of the Gerasenes.
Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo.
2 And when he had come out of the boat, immediately a man with an unclean spirit met him out of the tombs.
Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.
3 He lived in the tombs, and no one could bind him any more, not even with a chain.
Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn.
4 For he had been often bound with fetters and chains, and the chains had been torn apart by him, and the fetters broken in pieces. No one had the strength to tame him.
Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l.
5 And always, night and day, in the tombs and in the mountains, he was crying out, and cutting himself with stones.
Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.
6 And when he saw Yeshua from afar, he ran and bowed down to him,
Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L.
7 and crying out with a loud voice, he said, "What have I to do with you, Yeshua, you Son of the Most High God? I adjure you by God, do not torment me."
Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”
8 For he had been saying to him, "Come out of the man, you unclean spirit."
Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!”
9 And then he asked him, "What is your name?" And he replied, "My name is Legion, for we are many."
Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?” Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.”
10 And he pleaded with Yeshua repeatedly not to send them away out of the region.
Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.
11 Now on the mountainside there was a great herd of pigs feeding.
Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan.
12 And they begged him, saying, "Send us into the pigs, that we may enter into them."
Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”.
13 And he gave them permission. The unclean spirits came out and entered into the pigs; and the herd of about two thousand rushed down the steep bank into the lake, and they were drowned in the lake.
Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.
14 And those who fed them fled, and told it in the city and in the country. And the people went to see what it was that had happened.
Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a.
15 And they came to Yeshua, and saw him who had been possessed by demons sitting, clothed and in his right mind, even him who had the legion; and they were afraid.
Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent.
16 And those who saw it declared to them how it happened to him who was possessed by demons, and about the pigs.
Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo.
17 And then they began to plead with Yeshua to leave their region.
E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.
18 As he was entering into the boat, he who had been possessed by demons pleaded with him that he might be with him.
Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li.
19 However, Yeshua did not allow him, but said to him, "Go to your house, to your own, and tell them what great things the Lord has done for you, and how he had mercy on you."
Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.”
20 So he went his way, and began to proclaim in Decapolis how Yeshua had done great things for him, and everyone was amazed.
Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.
21 And when Yeshua had crossed back over in the boat to the other side, a large crowd was gathered to him; and he was by the lake.
Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.
22 One of the rulers of the synagogue, Jairus by name, came; and seeing him, he fell at his feet,
Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li.
23 and pleaded with him repeatedly, saying, "My little daughter is at the point of death. Please come and lay your hands on her, that she may be made healthy, and live."
Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”
24 And he went with him, and a large crowd followed him, and they pressed upon him on all sides.
Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.
25 Now a woman, who had an issue of blood for twelve years,
Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane.
26 and had suffered many things by many physicians, and had spent all that she had, and was no better, but rather grew worse,
E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò.
27 having heard the things concerning Yeshua, came up behind him in the crowd, and touched his clothes.
Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li.
28 For she said, "If I just touch his clothes, I will be made well."
Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”.
29 And immediately the flow of her blood was dried up, and she felt in her body that she was healed of her affliction.
Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.
30 And immediately Yeshua, perceiving in himself that the power had gone out from him, turned around in the crowd, and asked, "Who touched my clothes?"
Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
31 And his disciples said to him, "You see the crowd pressing against you, and you say, 'Who touched me?'"
Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
32 He looked around to see her who had done this thing.
Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.
33 But the woman, fearing and trembling, knowing what had been done to her, came and fell down before him, and told him the whole truth.
Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
34 And he said to her, "Daughter, your faith has made you well. Go in peace, and be cured of your disease."
Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
35 While he was still speaking, people came from the synagogue ruler's house saying, "Your daughter is dead. Why bother the Teacher any more?"
Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”.
36 But Yeshua, overhearing the message spoken, said to the ruler of the synagogue, "Do not be afraid, only believe."
Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.
37 And he allowed no one to follow him, except Peter, Jacob, and John the brother of Jacob.
Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.
38 And they came to the synagogue ruler's house, and he saw an uproar, weeping, and great wailing.
Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tènten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”.
39 And when he had entered in, he said to them, "Why do you make an uproar and weep? The child is not dead, but is asleep."
Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.
40 And they ridiculed him. But he, having put them all out, took the father of the child, her mother, and those who were with him, and went in where the child was.
Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a.
41 And taking the child by the hand, he said to her, "Talitha koum," which translated means, "Little girl, I tell you, get up."
Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
42 And immediately the girl rose up and walked, for she was twelve years old. And immediately they were overcome with amazement.
Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.
43 And he strictly ordered them that no one should know this, and commanded that something should be given to her to eat.
Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

< Mark 5 >