< Isaiah 62 >

1 For Zion’s sake I will not hold my peace, and for Jerusalem’s sake I will not rest, until her righteousness shines out like the dawn, and her salvation like a burning lamp.
Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.
2 The nations will see your righteousness, and all kings your glory. You will be called by a new name, which Yahweh’s mouth will name.
Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a.
3 You will also be a crown of beauty in Yahweh’s hand, and a royal diadem in your God’s hand.
W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
4 You will not be called Forsaken any more, nor will your land be called Desolate any more; but you will be called Hephzibah, and your land Beulah; for Yahweh delights in you, and your land will be married.
Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.
5 For as a young man marries a virgin, so your sons will marry you. As a bridegroom rejoices over his bride, so your God will rejoice over you.
Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou
6 I have set watchmen on your walls, Jerusalem. They will never be silent day nor night. You who call on Yahweh, take no rest,
Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
7 and give him no rest until he establishes, and until he makes Jerusalem a praise in the earth.
Se pou yo kenbe l' kout jouk l'a fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li.
8 Yahweh has sworn by his right hand, and by the arm of his strength, “Surely I will no more give your grain to be food for your enemies, and foreigners will not drink your new wine, for which you have labored,
Seyè a fè sèman, l'ap kenbe l' avèk fòs ponyèt li. -Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje l'. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou.
9 but those who have harvested it will eat it, and praise Yahweh. Those who have gathered it will drink it in the courts of my sanctuary.”
Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Seyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a.
10 Go through, go through the gates! Prepare the way of the people! Build up, build up the highway! Gather out the stones! Lift up a banner for the peoples.
Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!
11 Behold, Yahweh has proclaimed to the end of the earth: “Say to the daughter of Zion, ‘Behold, your salvation comes! Behold, his reward is with him, and his recompense before him!’”
Seyè a pral fè tout latè a konnen nouvèl la: -Di moun lavil ki sou mòn Siyon an: Men moun ki delivre nou an ap vini. L'ap mennen moun li sove yo avè l'. Y'ap mache devan l'. Se rekonpans li, se rezilta travay li.
12 They will call them “The Holy People, Yahweh’s Redeemed”. You will be called “Sought Out, A City Not Forsaken”.
Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.

< Isaiah 62 >