< Nehemia 12 >

1 Dies sind die Priester und die Leviten, die mit Zerubbabel, dem Sohn Sealtiels und Jesua hergezogen sind: Seraja, Irmeja, Ezra,
Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,
2 Amarja, Malluk, Chattus,
Amarya, Malouk, Atouch,
3 Sekanja, Rechum, Meremot,
Chekanya, Reyoum, Meremòt,
4 Iddo, Ginnetoi, Abia,
Ido, Ginetoyi, Abija,
5 Mijjamin, Maadja, Bilga,
Mijamen, Maadya, Bilga,
6 Semaja, Jojarib, Jedaja,
Chemaja, Jojarib, Jedaja,
7 Sallu, Amok, Chilkia, Jedaja. Dies sind die Häupter der Priester und ihrer Brüder in Jesuas Tagen.
Salou, Amòk, Ilkija ak Jedaja. Mesye sa yo te chèf prèt yo nan tan Jozye. Ni yo ni prèt yo te soti nan yon sèl fanmi.
8 Und die Leviten sind: Jesua, Binnui, Kadmiel, Serebja, Jehuda, Mattanja. Dieser und seine Brüder leiteten den Dankgesang.
Men non moun Levi yo: Te gen yon premye gwoup ki te reskonsab chante kantik pou di Bondye mèsi. Se te Jozye, Bennwi, Kadmyèl, Cherebya, Jeouda ak Natanya.
9 Und Bakbukja und Unni, ihre Brüder, standen ihnen gegenüber in ihren Abteilungen.
Te gen yon lòt gwoup ki te kanpe anfas yo pou reponn yo lè y'ap chante. Se te Bakboukya, Ouni ak lòt moun Levi menm fanmi ak yo.
10 Jesua zeugte Jojakim und Jojakim den Eljasib, Eljasib den Jojada.
Jozye te papa Jojakim, Jojakim te papa Elyachib, Elyachib te papa Jojada,
11 Jojada zeugte Jonatan und Jonatan den Jaddua.
Jojada te papa Jonatan, Jonatan te papa Jadwa.
12 In Jojakims Tagen waren Priester die Familienhäupter: für Seraja Merarja, für Irmeja Chananja,
Lè Jojakim te granprèt, men moun ki te chèf branch fanmi prèt yo: Meraja, chèf branch fanmi Seraja a, Ananya, chèf branch fanmi Jirimeja a,
13 für Ezra Mesullam, für Amarja Jehochanan,
Mechoulam, chèf branch fanmi Esdras la, Jokanan, chèf branch fanmi Amarya a,
14 für Malkia Jonatan, für Sebanja Joseph,
Jonatan, chèf branch fanmi Melikou a, Jozèf, chèf branch fanmi Chebanya a,
15 für Charim Adna, für Merajot Chalkai,
Adna, chèf branch fanmi Arim lan, Elkayi, chèf branch fanmi Merayòt la,
16 für Iddo Zekarja, für Ginneton Mesullam,
Zekarya, chèf branch fanmi Ido a, Mechoulam, chèf branch fanmi Gineton an,
17 für Abia Zikri, für Mijjamin..., für Moadja Piltai,
Zikri, chèf branch fanmi Abija a, ...chèf branch fanmi Minyamen, Piltayi, chèf branch fanmi Moadya a,
18 für Bilga Sammua, für Semaja Jehonatan
Chamwa, chèf branch fanmi Bilga a, Jonatan, chèf branch fanmi Chemaja a,
19 und für Jojarib Mattenai, für Jedaja Uzzi,
Matenayi, chèf branch fanmi Jojarib la, Ouzi, chèf branch fanmi Jedaja a,
20 für Sallai Kallai, für Amok Eber,
Kalayi, chèf branch fanmi Salou a, Ebè, chèf branch fanmi Amòk la,
21 für Chilkia Chasabja, für Jedaja Netanel.
Achabya, chèf branch fanmi Ilkija a, Netaneèl, chèf branch fanmi Jedaja a.
22 Von den Leviten sind in den Tagen Eljasibs, Jojadas, Jochanans und Jadduas die Familienhäupter verzeichnet worden, ebenso die Priester unter der Regierung des Persers Darius.
Pandan tout tan Elyachib, Jodaja, Jokanan ak Jadwa te pase granprèt, yonn apre lòt, yo te enskri non chèf tout fanmi prèt yo ak non moun Levi yo nan gwo rejis ofisyèl tanp lan. Yo te kenbe rejis sa a jouk sou rèy wa Dariyis ki t'ap gouvènen peyi Pès la.
23 Die Söhne Levis, die Familienhäupter, sind im Buche der Geschichte bis auf die Zeit Jochanans, des Sohnes Eljasibs, verzeichnet.
Pou branch fanmi Levi yo, yo te enskri nou chèf fanmi yo tou nan gwo rejis ofisyèl la, men lè yo rive sou tan Jokanan, pitit pitit Elyachib la, yo sispann fè sa.
24 Die Häupter der Leviten sind Chasabja, Serebja und Jesua, Kadmiels Sohn, und ihre Brüder, die ihnen gegenüberstanden, um die Lob- und Danklieder zu singen nach der Vorschrift Davids, des Gottesmannes, Abteilung neben Abteilung:
Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.
25 Mattanja und Bakbukja, Obadja, Mesullam, Talmon, Akkub, Wächter, Torhüter, die bei den Speichern der Tore Wache halten.
Men non moun ki t'ap sèvi tankou gad pòtay tanp lan: Se te Matanya, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub. Yo te reskonsab veye depo magazen ki te bò pòtay tanp lan.
26 Diese waren da zur Zeit Jojakims, des Sohnes des Jesua, des Sohnes des Josadak, und zur Zeit Nehemias, des Statthalters, und Ezras, des Priesters und Schreibers.
Moun sa yo t'ap viv nan tan Jojakim, pitit Jozye, pitit pitit Josadak la, te granprèt la, nan tan Neemi t'ap gouvènen an ak nan tan Esdras, prèt ki te direktè lalwa a, tou.
27 Bei der Einweihung der Mauer Jerusalems suchte man in allen ihren Orten die Leviten, um sie nach Jerusalem zu holen. Sie sollten freudig mit Dankliedern, Gesängen, Zimbeln, Harfen und Liedern das Weihe- und Dankfest feiern.
Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.
28 Und die Söhne der Tempelsänger kamen zusammen, die einen aus dem Gau, der Umgebung von Jerusalem, die anderen aus den Gehöften der Netophatiter,
Se konsa mizisyen sanba yo, moun branch nan fanmi Levi yo, soti nan tout zòn ki bò lavil Jerizalèm, nan ti bouk ki bò Netofa yo, yo sanble.
29 aus Bet Haggilgal und aus den Feldmarken von Geba und Azmawet. Denn die Sänger hatten sich Gehöfte rings um Jerusalem gebaut.
Genyen tou ki te soti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan.
30 Dann reinigten sich die Priester und Leviten. Sie reinigten auch das Volk, die Tore und die Mauer.
Prèt yo ak moun Levi yo fè sèvis pou mete tèt yo, pèp la, pòtay yo ak miray ranpa a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
31 Ich ließ nun die Obersten Judas die Mauer besteigen. Zwei große Chöre stellte ich auf. Der eine zog auf der Mauer rechts hin bis zum Misttor.
Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.
32 Ihnen folgte Hosaja, dabei die eine Hälfte der Oberen Judas,
Ozaya t'ap mache dèyè yo ak mwatye nan chèf peyi Jida yo.
33 sowie Azarja, Ezra, Mesullam,
Dèyè yo t'ap mache Azarya, Esdras, Mechoulam,
34 Jehuda, Benjamin, Semaja, Irmeja,
Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja.
35 und von den Priestern mit Trompeten Zekarja, der Sohn Jonatans, der Enkel Semajas, des Sohnes Mattanjas, des Sohnes Mikajas, des Sohnes Zakkurs, des Sohnes Asaphs,
Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t'ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf.
36 und seine Brüder Semaja, Azarel, Milalei, Gilalei, Maai, Netanel, Jehuda, Chanani mit den Saitenspielen des Gottesmannes David. Der Schreiber Ezra ging vor ihnen her
Zekarya t'ap mache avèk lòt moun menm fanmi avè l' yo. Se te Chemaja, Azareèl, Milalayi, Gilalayi, Maayi, Netaneèl, Jeouda ak Anani. Yo tout yo te gen nan men yo tout kalite enstriman mizik wa David, sèvitè Bondye a, te konn jwe. Se Esdras, direktè lalwa a, ki t'ap mache devan premye gwoup sa a.
37 zum Quelltor hin. Sie stiegen dann geradeaus die Stufen zur Davidsstadt hinauf, auf jenem Anstieg an der Mauer oberhalb des Davidshauses bis zum Wassertor im Osten.
Lè yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve.
38 Der andere Chor zog nach links. Ich selbst folgte ihm mit der Hälfte des Volkes auf der Mauer oberhalb des Ofenturmes bis zur breiten Mauer,
Lòt gwoup la menm al sou bò gòch, sou tèt miray la: Mwen t'ap mache dèyè yo ansanm ak lòt mwatye moun yo. Nou pase bò gwo Fò Fou yo jouk nou rive sou gwo miray laj la.
39 dann oberhalb des Tores Ephraim und über das Jesanator, das Fischtor, den Chananelsturm und den Meaturm bis zum Schaftor. Sie stellten sich bei dem Gefängnistor auf.
Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan.
40 Dann stellten sich beide Chöre am Gotteshause auf. Ich selbst und mit mir die Hälfte der Vorsteher,
Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,
41 sodann die Priester Eljakim, Maaseja, Minjamin, Mikaja, Eljoënai, Zekarja und Chananja mit Trompeten
ansanm ak prèt ki t'ap kònen twonpèt yo: Elyakim, Maaseja, Menjamen, Mika, Elioenayi, Zekarya, Ananya, avèk twonpèt yo nan men yo,
42 und Maaseja und Semaja, Eleazar, Uzzi, Jehonatan, Malkia, Elam und Ezer. Dann ließen sich die Sänger unter Izrachjas Leitung hören.
ansanm avèk moun k'ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t'ap mennen chante a.
43 An jenem Tage schlachteten sie große Schlachtopfer und freuten sich, weil ihnen Gott eine große Freude bereitet hatte. Auch die Frauen und Kinder freuten sich. Der Jubel aus Jerusalem ward weithin gehört.
Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.
44 An jenem Tage wurden Männer zur Aufsicht über die Gemächer der Vorräte angestellt; sie sollten die Abgaben, den ersten Abhub und Zehnten von den Feldern der Städte, die gesetzlichen Gaben für Priester und Leviten sammeln. Denn Juda hatte Freude an den Priestern und Leviten, wenn sie Dienste taten.
Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.
45 Sie besorgten ihren Gottesdienst und den Dienst der Reinigung, ebenso die Sänger und die Torhüter nach dem Geheiß Davids und seines Sohnes Salomo.
Paske, yo t'ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t'ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo tou, tout moun t'ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay.
46 Denn schon in Davids und Asaphs Zeit im Altertum gab es Sängerhäupter für den Lobgesang und Dank gegen Gott.
Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l' mèsi.
47 Ganz Israel gab in den Tagen des Zerubbabel und denen des Nehemias Geschenke an die Sänger und Torhüter Tag für Tag. Sie gaben auch solche den Leviten, und die Leviten gaben solche den Aaronssöhnen.
Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.

< Nehemia 12 >