< 2 Wa 6 >

1 Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: —Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.
眾先知的弟子對厄里叟說:「看,我們同你住的地方太窄小了,
2 Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: —Ale non!
請你讓我們到約旦河去,每人取一根樑木,在那裏建造我們的住所。」他答說:「你們去罷! 」
3 Yonn nan pwofèt yo mande l': —Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: —Dakò.
其中一個人說:「請你也同你的僕人一起去! 」厄里叟答說:「我去。」
4 Li pati ak yo. Lè yo rive bò larivyè Jouden an, yo tanmen koupe bwa.
先知便同他們一起去了。他們到了約旦河,就砍伐樹木。
5 Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: —Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi!
其中一個,砍木樑時,斧頭掉在水裏了,就大聲叫喊說:哎唷! 我主,這把斧子是借來的啊! 」
6 Elize mande l': —Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a.
天主的人問他說:「斧頭掉在那裏﹖」那人將那地方指給先知看。先知即砍下一塊木頭,丟在那裏,使斧頭浮了上來。
7 Elize di l': —Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.
先知對他說:「你拿上來罷! 」他就伸手拿了上來。
8 Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a.
阿蘭王同以色列交戰時,與自己的臣商議說:要在某某地方埋伏。
9 Men, Elize voye avèti wa peyi Izrayèl la pou l' pa pwoche bò tèl kote, paske lame peyi Siri a desann la ap tann li.
但天主的人打發人去見以色列王說:「你要小心提防,不要經過某某地方,因為阿蘭人已在那裏設下埋伏。」
10 Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l' la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa.
以色列王就派人去偵察天主的人警告他的地方;他就小心防備,不只一兩次。
11 Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: —Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?
阿蘭王為此事心中頗為煩惱,遂將臣僕召來,對他說:「難道你們不能告訴我:我們中誰支持以色列王嗎﹖」
12 Yonn nan chèf yo reponn: —Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.
一個臣僕答說:「我主,大王! 沒有誰支持,只有以色列的先知厄里叟,將君王在密室裏所談的事,都告訴了以色列王。」
13 Wa peyi Siri a di: —Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan.
阿蘭王說:「你們去看看他在那裏,我好派人去捉拿。」有人告訴君王說:「他在多堂。」
14 Li voye yon gwo lame ak anpil chwal ak cha lagè dèyè l'. Yo rive Dotan solèy kouche, yo sènen lavil la.
阿蘭王就打發馬隊戰車和強大的部隊前去,夜間到了那裏,將城圍住。
15 Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: —Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?
天主的人的僕人清早起來出門時,看見軍隊車馬將城包圍了,就對先知說:「哎! 我主,我們怎麼辦﹖」
16 Elize reponn li: —Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.
先知答說:「不必害怕,因為偕同我們的,比他們的還多。」
17 Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
厄里叟就祈禱說:「上主,求你開啟他的眼,叫他看見。」上主就開了僕人的眼,他看見遍山都是火馬車,圍繞著厄里叟。
18 Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: —Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la.
敵人下到先知那裏的時候,厄里叟懇求上主說:「求你打擊這個民族,使他們眼目失明。」上主果然照厄里叟的話打擊了他們,使他們眼目失明。
19 Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: —Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari.
厄里叟對他們說:「不是這條路,也不是這座城;你們跟我來,我要領你們到你們尋找的人那裏去。」於是先知領他們到了撒瑪黎雅。
20 Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: —Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari.
他們一進了撒瑪黎雅,厄里叟就祈禱說:「上主,開啟這些人的眼睛,叫他們看見。」上主果然開了他們的眼睛;他們一看,自己竟在撒瑪黎雅城內。
21 Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: —Touye yo, papa mwen? Touye yo?
以色列王看見他們,就對厄里叟說:「我父,要殺死他們嗎﹖」
22 Elize reponn li: —Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo!
厄里叟答說:「不要殺他們;你自己用弓劍擄來的人,你豈可殺死﹖你要為這些人預備飯和水,叫他們吃喝,然後讓他們回到自己的主上那裏去。」
23 Se konsa, wa a fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.
君王就給他們預備了盛宴,叫他們吃了喝了,打發他們回到自己的主上那裏去。從此,阿蘭隊伍再沒有侵犯以色列地方。
24 Kèk tan apre sa, Bennadad, wa peyi Siri a, sanble tout lame li, li moute vin atake peyi Izrayèl. Li sènen lavil Samari.
這事以後,阿蘭王本哈達得集合了他所有的軍隊,上來圍困撒瑪黎雅。
25 Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.
撒瑪黎雅被圍困後,陷於嚴重的飢荒,甚至一個驢頭,值八十「協刻耳」銀子,四分之一「卡步」豆莢,值五「協刻耳」銀子。
26 Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: —Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non!
當以色列王從城牆上經過時,有一個婦人呼求他說:「我主大王,救救我罷! 」
27 Wa a reponn: —Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven?
君王答說:「如果上主不救你,我怎能救你﹖靠禾場﹖靠酒池﹖」
28 Sa ou genyen? Madanm lan reponn: —Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la.
君王問那婦人說:「你有什麼事﹖」婦人答說:「這個女人曾對我說:把你的兒子交出來,我們今天吃;留下我的兒子,我們明天吃。
29 Se konsa nou kwit pitit pa m' lan, nou manje l'. Nan denmen, mwen di l' pou li bay pitit pa l' la pou nou manje, men li sere l'.
於是我們就把我的兒子煮著吃了。第二天我對那女人說:把你的兒子交出來給我們吃,她卻把自己的兒子藏了起來。」
30 Lè wa a tande sa madanm lan di l' la, li chire rad sou li sitèlman li te fache. Moun ki te toupre miray la te ka wè wa a te gen yon rad sak anba rad li.
君王聽了這婦人的話,就撕裂了自己的衣服,─當他正在城牆上經過,民眾都看見了他貼身穿著苦衣,─
31 Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
說「如果沙法特的兒子厄里叟的頭,今天還留在他身上,願天主嚴厲,且加倍嚴厲地懲罰我! 」
32 Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: —Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'.
那時厄里叟正坐在屋裏,長老們同他坐在一起,君王派一個人在他以前去,但是這人還未來到,厄里叟就對長老們說:「你們看,這個兇手之子,竟派人來要斬我的頭。你們注意,使者來到時,你們要把門關上,把他關在門外;在他後面不就是他主上的腳步聲嗎﹖」
33 Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: —Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?
先知還同他們說話的時候,君王就下到他那裏說:「這災難是由上主來的,我對上主還有什麼指望﹖」

< 2 Wa 6 >