< 1 Samyèl 10 >

1 Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?
이에 사무엘이 기름병을 취하여 사울의 머리에 붓고 입맞추어 가로되 `여호와께서 네게 기름을 부으사 그 기업의 지도자를 삼지 아니하셨느냐?
2 Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”
네가 오늘 나를 떠나가다가 베냐민 경계 셀사에 있는 라헬의 묘실 곁에서 두 사람을 만나리니 그들이 네게 이르기를 네가 찾으러 갔던 암나귀들을 찾은지라 네 아비가 암나귀들의 염려는 놓았으나 너희를 인하여 걱정하여 가로되 내 아들을 위하여 어찌하리요 하더라 할 것이요
3 Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa moso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven.
네가 거기서 더 나아가서 다볼 상수리나무에 이르면 거기서 하나님께 뵈려고 벧엘로 올라가는 세 사람이 너와 만나리니 하나는 염소 새끼 셋을 이끌었고 하나는 떡 세덩이를 가졌고 하나는 포도주 한 가죽부대를 가진 자라
4 Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de moso pen, ke ou va aksepte nan men yo.
그들이 네게 문안하고 떡 두 덩이를 주겠고 너는 그 손에서 받으리라
5 Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize.
그 후에 네가 하나님의 산에 이르리니 그곳에는 블레셋 사람의 영문이 있느니라 네가 그리로 가서 그 성읍으로 들어갈 때에 선지자의 무리가 산당에서부터 비파와 소고와 저와 수금을 앞세우고 예언하며 내려오는 것을 만날 것이요
6 Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun.
네게는 여호와의 신이 크게 임하리니 너도 그들과 함께 예언을 하고 변하여 새 사람이 되리라
7 Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.
이 징조가 네게 임하거든 너는 기회를 따라 행하라! 하나님이 너와 함께 하시느니라!
8 “Epi ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.”
너는 나보다 앞서 길갈로 내려가라 내가 네게로 내려가서 번제와 화목제를 드리리니 내가 네게 가서 너의 행할 것을 가르칠 때까지 칠일을 기다리라'
9 Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a.
그가 사무엘에게서 떠나려고 몸을 돌이킬 때에 하나님이 새 마음을 주셨고 그 날 그 징조도 다 응하니라
10 Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo.
그들이 산에 이를 때에 선지자의 무리가 그를 영접하고 하나님의 신이 사울에게 크게 임하므로 그가 그들 중에서 예언을 하니
11 Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”
전에 사울을 알던 모든 사람이 사울의 선지자들과 함께 예언함을 보고 서로 이르되 `기스의 아들의 당한 일이 무엇이뇨 사울도 선지자들 중에 있느냐' 하고
12 Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: “Èske Saül, osi pami pwofèt yo?”
그곳의 어떤 사람은 말하여 이르되 `그들의 아비가 누구냐?' 한지라 그러므로 속담이 되어 가로되 `사울도 선지자들 중에 있느냐?' 하더라
13 Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.
사울이 예언하기를 마치고 산당으로 가니라
14 Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?” Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”
사울의 숙부가 사울과 그 사환에게 이르되 `너희가 어디로 갔더냐?' 사울이 가로되 `암나귀들을 찾다가 얻지 못하므로 사무엘에게 갔었나이다'
15 Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”
사울의 숙부가 가로되 `청하노니 사무엘이 너희에게 이른 말을 내게 고하라'
16 Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.
사울이 그 숙부에게 말하되 `그가 암나귀들을 찾았다고 우리에게 분명히 말하더이다' 하고 사무엘의 말하던 나라의 일은 고하지 아니하니라
17 Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa.
사무엘이 백성을 미스바로 불러 여호와 앞에 모으고
18 Li te di a fis Israël yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’
이스라엘 자손에게 이르되 `이스라엘 하나님 여호와께서 이같이 말씀하시기를 내가 이스라엘을 애굽에서 인도하여 내고 너희를 애굽인의 손과 너희를 압제하는 모든 나라의 손에서 건져내었느니라 하셨거늘
19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”
너희가 너희를 모든 재난과 고통 중에서 친히 구원하여 내신 너희 하나님을 오늘날 버리고 이르기를 우리 위에 왕을 세우라 하도다 그런즉 이제 너희 지파대로 천명씩 여호와 앞에 나아오라' 하고
20 Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò.
사무엘이 이에 이스라엘 모든 지파를 가까이 오게 하였더니 베냐민 지파가 뽑혔고
21 Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l.
베냐민 지파를 그 가족대로 가까이 오게 하였더니 마드리의 가족이 뽑혔고 그 중에서 기스의 아들 사울이 뽑혔으나 그를 찾아도 만나지 못한지라
22 Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”
그러므로 그들이 또 여호와께 묻되 `그 사람이 여기 왔나이까?' 여호와께서 대답하시되 그가 행구 사이에 숨었느니라
23 Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li.
그들이 달려가서 거기서 데려오매 그가 백성 중에 서니 다른 사람보다 어깨 위나 더 크더라
24 Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”
사무엘이 모든 백성에게 이르되 `너희는 여호와의 택하신 자를 보느냐? 모든 백성중에 짝할 이가 없느니라' 하니 모든 백성이 왕의 만세를 외쳐 부르니라
25 Alò, Samuel te pale pèp la règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo.
사무엘이 나라의 제도를 백성에게 말하고 책에 기록하여 여호와앞에 두고 모든 백성을 각기 집으로 보내매
26 Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li.
사울도 기브아 자기 집으로 갈 때에 마음이 하나님께 감동된 유력한 자들은 그와 함께 갔어도
27 Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.
어떤 비류는 가로되 `이 사람이 어떻게 우리를 구원하겠느냐?' 하고 멸시하며 예물을 드리지 아니하니라 그러나 그는 잠잠하였더라

< 1 Samyèl 10 >