< 2 Istwa 29 >

1 Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.
Hezekiah began to reign when he was twenty-five years old, and he reigned twenty-nine years in Jerusalem. His mother’s name was Abijah, the daughter of Zechariah.
2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.
He did that which was right in the LORD’s eyes, according to all that David his father had done.
3 Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo.
In the first year of his reign, in the first month, he opened the doors of the LORD’s house and repaired them.
4 Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la.
He brought in the priests and the Levites and gathered them together into the wide place on the east,
5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.
and said to them, “Listen to me, you Levites! Now sanctify yourselves, and sanctify the house of the LORD, the God of your fathers, and carry the filthiness out of the holy place.
6 Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.
For our fathers were unfaithful, and have done that which was evil in the LORD our God’s sight, and have forsaken him, and have turned away their faces from the habitation of the LORD, and turned their backs.
7 Anplis, yo te fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la.
Also they have shut up the doors of the porch, and put out the lamps, and have not burned incense nor offered burnt offerings in the holy place to the God of Israel.
8 Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.
Therefore the LORD’s wrath was on Judah and Jerusalem, and he has delivered them to be tossed back and forth, to be an astonishment and a hissing, as you see with your eyes.
9 Paske gade byen, pou sa, papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa.
For behold, our fathers have fallen by the sword, and our sons and our daughters and our wives are in captivity for this.
10 Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.
Now it is in my heart to make a covenant with the LORD, the God of Israel, that his fierce anger may turn away from us.
11 Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
My sons, don’t be negligent now; for the LORD has chosen you to stand before him, to minister to him, and that you should be his ministers and burn incense.”
12 Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;
Then the Levites arose: Mahath, the son of Amasai, and Joel the son of Azariah, of the sons of the Kohathites; and of the sons of Merari, Kish the son of Abdi, and Azariah the son of Jehallelel; and of the Gershonites, Joah the son of Zimmah, and Eden the son of Joah;
13 epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania;
and of the sons of Elizaphan, Shimri and Jeuel; and of the sons of Asaph, Zechariah and Mattaniah;
14 epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.
and of the sons of Heman, Jehuel and Shimei; and of the sons of Jeduthun, Shemaiah and Uzziel.
15 Yo te rasanble frè yo, yo te konsakre yo menm, e te antre pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a.
They gathered their brothers, sanctified themselves, and went in, according to the commandment of the king by the LORD’s words, to cleanse the LORD’s house.
16 Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an.
The priests went into the inner part of the LORD’s house to cleanse it, and brought out all the uncleanness that they found in the LORD’s temple into the court of the LORD’s house. The Levites took it from there to carry it out to the brook Kidron.
17 Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.
Now they began on the first day of the first month to sanctify, and on the eighth day of the month they came to the LORD’s porch. They sanctified the LORD’s house in eight days, and on the sixteenth day of the first month they finished.
18 Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.
Then they went in to Hezekiah the king within the palace and said, “We have cleansed all the LORD’s house, including the altar of burnt offering with all its vessels, and the table of show bread with all its vessels.
19 Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”
Moreover, we have prepared and sanctified all the vessels which King Ahaz threw away in his reign when he was unfaithful. Behold, they are before the LORD’s altar.”
20 Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.
Then Hezekiah the king arose early, gathered the princes of the city, and went up to the LORD’s house.
21 Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.
They brought seven bulls, seven rams, seven lambs, and seven male goats, for a sin offering for the kingdom, for the sanctuary, and for Judah. He commanded the priests the sons of Aaron to offer them on the LORD’s altar.
22 Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te aspèje san an sou lotèl la.
So they killed the bulls, and the priests received the blood and sprinkled it on the altar. They killed the rams and sprinkled the blood on the altar. They also killed the lambs and sprinkled the blood on the altar.
23 Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e yo te poze men sou yo.
They brought near the male goats for the sin offering before the king and the assembly; and they laid their hands on them.
24 Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.
Then the priests killed them, and they made a sin offering with their blood on the altar, to make atonement for all Israel; for the king commanded that the burnt offering and the sin offering should be made for all Israel.
25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.
He set the Levites in the LORD’s house with cymbals, with stringed instruments, and with harps, according to the commandment of David, of Gad the king’s seer, and Nathan the prophet; for the commandment was from the LORD by his prophets.
26 Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo.
The Levites stood with David’s instruments, and the priests with the shofars.
27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la.
Hezekiah commanded them to offer the burnt offering on the altar. When the burnt offering began, the LORD’s song also began, along with the shofars and instruments of David king of Israel.
28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.
All the assembly worshiped, the singers sang, and the trumpeters sounded. All this continued until the burnt offering was finished.
29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.
When they had finished offering, the king and all who were present with him bowed themselves and worshiped.
30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
Moreover Hezekiah the king and the princes commanded the Levites to sing praises to the LORD with the words of David, and of Asaph the seer. They sang praises with gladness, and they bowed their heads and worshiped.
31 Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.
Then Hezekiah answered, “Now you have consecrated yourselves to the LORD. Come near and bring sacrifices and thank offerings into the LORD’s house.” The assembly brought in sacrifices and thank offerings, and as many as were of a willing heart brought burnt offerings.
32 Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.
The number of the burnt offerings which the assembly brought was seventy bulls, one hundred rams, and two hundred lambs. All these were for a burnt offering to the LORD.
33 Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.
The consecrated things were six hundred head of cattle and three thousand sheep.
34 Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.
But the priests were too few, so that they could not skin all the burnt offerings. Therefore their brothers the Levites helped them until the work was ended, and until the priests had sanctified themselves, for the Levites were more upright in heart to sanctify themselves than the priests.
35 Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.
Also the burnt offerings were in abundance, with the fat of the peace offerings and with the drink offerings for every burnt offering. So the service of the LORD’s house was set in order.
36 Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.
Hezekiah and all the people rejoiced because of that which God had prepared for the people; for the thing was done suddenly.

< 2 Istwa 29 >