< 2 Korint 4 >

1 Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.
Ker imamo to službo, kakor smo prejeli usmiljenje, ne omahujemo,
2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.
temveč smo se odrekli skritim stvarem nepoštenosti in ne hodimo v prebrisanosti niti z Božjo besedo ne ravnamo varljivo, temveč se z manifestacijo resnice v Božjih očeh priporočamo vesti vsakega človeka.
3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo.
Toda če je naš evangelij skrit, je skrit tistim, ki so izgubljeni,
4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. (aiōn g165)
v katerih je bog tega sveta zaslepil misli tistih, ki ne verujejo, da jim ne bi zasijala svetloba veličastnega Kristusovega evangelija, ki je podoba Boga. (aiōn g165)
5 Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.
Kajti ne oznanjamo sebe, temveč Kristusa Jezusa, Gospoda; in sebe, vaše služabnike, zaradi Jezusa.
6 Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Kajti Bog, ki je zapovedal svetlobi, da zasije iz teme, je zasijal v naših srcih, da nudi svetlobo spoznanja Božje slave na obrazu Jezusa Kristusa.
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.
Toda ta zaklad imamo v lončenih posodah, da bi bila odličnost moči lahko od Boga in ne od nas.
8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa,
Na vsaki strani smo vznemirjeni, vendar ne v tegobi; zmedeni smo, vendar ne v obupu;
9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi.
preganjani, toda ne zapuščeni; mêtani [ob tla], toda ne uničeni;
10 Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.
vedno v telesu naokrog prenašamo umiranje Gospoda Jezusa, da bi se lahko tudi v našem telesu razodelo Jezusovo življenje.
11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an.
Kajti mi, ki živimo, smo zaradi Jezusa nenehno izročani v smrt, da bi se tudi Jezusovo življenje lahko razodelo v našem umrljivem mesu.
12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou.
Tako potem v nas deluje smrt, toda v vas življenje.
13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale;
Ker imamo istega duha vere, glede na to, kakor je pisano: ›Veroval sem in zato sem govoril; ‹ tudi mi verujemo in zato govorimo;
14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm.
vedoč, da tisti, ki je obudil Gospoda Jezusa, bo po Jezusu obudil tudi nas in nas postavil z vami.
15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
Kajti vse stvari so zaradi vas, da bi lahko obilna milost zaradi zahvaljevanja mnogih prekipevala v Božjo slavo.
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.
Zaradi tega razloga ne omagujemo; kajti kljub temu, da naš zunanji človek umira, je vendarle naš notranji človek iz dneva v dan obnovljen.
17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, (aiōnios g166)
Kajti naša lahka stiska, ki je samo za trenutek, opravlja za nas veliko večjo, presegajočo in večno težo slave; (aiōnios g166)
18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite. (aiōnios g166)
medtem ko ne gledamo na stvari, ki so vidne, temveč na stvari, ki so nevidne. Kajti stvari, ki so vidne, so začasne, toda stvari, ki so nevidne, so večne. (aiōnios g166)

< 2 Korint 4 >