< Travay 20 >

1 Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine.
After the uproar had ceased, Paul sent for the disciples, took leave of them, and departed to go into Macedonia.
2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
When he had gone through those parts and had encouraged them with many words, he came into Greece.
3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.
When he had spent three months there, and a plot was made against him by Jews as he was about to set sail for Syria, he determined to return through Macedonia.
4 Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie.
These accompanied him as far as Asia: Sopater of Beroea, Aristarchus and Secundus of the Thessalonians, Gaius of Derbe, Timothy, and Tychicus and Trophimus of Asia.
5 Men sila yo te ale avan, e t ap tann nou Troas.
But these had gone ahead, and were waiting for us at Troas.
6 Nou te pran bato a vwal soti Philippes, apre jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou.
We sailed away from Philippi after the days of Unleavened Bread, and came to them at Troas in five days, where we stayed seven days.
7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.
On the first day of the week, when the disciples were gathered together to break bread, Paul talked with them, intending to depart on the next day; and continued his speech until midnight.
8 Te gen anpil lanp nan chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
There were many lights in the upper room where we were gathered together.
9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.
A certain young man named Eutychus sat in the window, weighed down with deep sleep. As Paul spoke still longer, being weighed down by his sleep, he fell down from the third floor and was taken up dead.
10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.”
Paul went down and fell upon him, and embracing him said, “Don’t be troubled, for his life is in him.”
11 Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati.
When he had gone up, had broken bread and eaten, and had talked with them a long while, even until break of day, he departed.
12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
They brought the boy in alive, and were greatly comforted.
13 Men nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè.
But we, going ahead to the ship, set sail for Assos, intending to take Paul aboard there; for he had so arranged, intending himself to go by land.
14 Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
When he met us at Assos, we took him aboard and came to Mitylene.
15 Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive Milèt.
Sailing from there, we came the following day opposite Chios. The next day we touched at Samos and stayed at Trogyllium, and the day after we came to Miletus.
16 Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te rive Jérusalem, si se te posib nan jou Fèt Lapannkot la.
For Paul had determined to sail past Ephesus, that he might not have to spend time in Asia; for he was hastening, if it were possible for him, to be in Jerusalem on the day of Shavu`ot.
17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele ansyen a legliz yo pou rive kote l.
From Miletus he sent to Ephesus and called to himself the elders of the assembly.
18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan
When they had come to him, he said to them, “You yourselves know, from the first day that I set foot in Asia, how I was with you all the time,
19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo.
serving the Lord with all humility, with many tears, and with trials which happened to me by the plots of the Jews;
20 Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay.
how I didn’t shrink from declaring to you anything that was profitable, teaching you publicly and from house to house,
21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
testifying both to Jews and to Greeks repentance towards God and faith towards our Lord Yeshua.
22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la,
Now, behold, I go bound by the Spirit to Jerusalem, not knowing what will happen to me there;
23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen.
except that the Holy Spirit testifies in every city, saying that bonds and afflictions wait for me.
24 Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
But these things don’t count; nor do I hold my life dear to myself, so that I may finish my race with joy, and the ministry which I received from the Lord Yeshua, to fully testify to the Good News of the grace of God.
25 “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò.
“Now, behold, I know that you all, amongst whom I went about proclaiming God’s Kingdom, will see my face no more.
26 Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke mwen inosan de san tout moun.
Therefore I testify to you today that I am clean from the blood of all men,
27 Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.
for I didn’t shrink from declaring to you the whole counsel of God.
28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.
Take heed, therefore, to yourselves and to all the flock, in which the Holy Spirit has made you overseers, to shepherd the assembly of the Lord and God which he purchased with his own blood.
29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a.
For I know that after my departure, vicious wolves will enter in amongst you, not sparing the flock.
30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo.
Men will arise from amongst your own selves, speaking perverse things, to draw away the disciples after them.
31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.
Therefore watch, remembering that for a period of three years I didn’t cease to admonish everyone night and day with tears.
32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
Now, brothers, I entrust you to God and to the word of his grace, which is able to build up and to give you the inheritance amongst all those who are sanctified.
33 “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun.
I coveted no one’s silver, gold, or clothing.
34 Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo.
You yourselves know that these hands served my necessities, and those who were with me.
35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’”
In all things I gave you an example, that so labouring you ought to help the weak, and to remember the words of the Lord Yeshua, that he himself said, ‘It is more blessed to give than to receive.’”
36 Lè l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
When he had spoken these things, he knelt down and prayed with them all.
37 Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil.
They all wept freely, and fell on Paul’s neck and kissed him,
38 Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.
sorrowing most of all because of the word which he had spoken, that they should see his face no more. Then they accompanied him to the ship.

< Travay 20 >