< Jeremi 9 >

1 O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!
Oby moja głowa była wodą, a moje oczy źródłem łez, abym dniem i nocą opłakiwał pomordowanych córki mego ludu!
2 O ke m ta gen nan dezè a, yon plas pou moun k ap vwayaje rete, pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an. Pou m kite yo nèt! Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.
Obym miał na pustyni schronisko dla podróżnych, abym mógł opuścić swój lud i oddalić się od nich! Wszyscy bowiem są cudzołożnikami, zgrają zdrajców;
3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
I [jak] łuk napinają swój język do kłamstwa. Nie wzmocnili się prawdą na ziemi, bo od zła do zła przechodzą, a mnie nie znają, mówi PAN.
4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.
Niech się każdy strzeże swego bliźniego, a bratu nie ufa, bo każdy brat oszukuje podstępnie i każdy bliźni postępuje jak oszczerca.
5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.
Każdy też oszukuje swego bliźniego i nie mówi prawdy. Przyuczyli swój język do mówienia kłamstwa, męczą się, aby popełnić nieprawość.
6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon. Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
Twoje mieszkanie jest pośród ludu podstępnego; z powodu podstępu nie chcą mnie poznać, mówi PAN.
7 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
Dlatego tak mówi PAN zastępów: Oto przetopię ich i wypróbuję; jak bowiem mam postąpić z córką mego ludu?
8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl; li pale manti. Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li, men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
Ich język [jest] śmiercionośną strzałą, wypowiada oszustwa. [Jeden] mówi ustami o pokoju ze swym przyjacielem, ale w sercu zastawia [na niego] sidła.
9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
Czyż za to nie [powinienem] ich nawiedzić? – mówi PAN. Czyż nad takim narodem moja dusza nie powinna się zemścić?
10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.
Z powodu tych gór podniosę płacz i lament, z powodu pastwisk na pustkowiu – pieśń żałobną. Są bowiem spalone tak, że nikt tamtędy nie przechodzi ani odgłosu bydła nie słychać; ptactwo niebieskie i zwierzęta rozbiegły się i odeszły.
11 “Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladan.”
I zamienię Jerozolimę w gruzy, w legowisko smoków, a miasta Judy – w pustkowie, [zostaną] bez mieszkańca.
12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
Któż jest tak mądry, aby [mógł] to zrozumieć? A do kogo mówiły usta PANA, aby [mógł] ogłosić, dlaczego ziemia ginie [i] jest spalona jak pustynia, tak że przez nią nikt nie przechodzi?
13 SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li,
PAN bowiem mówi: Dlatego że porzucili moje prawo, które im przedłożyłem, a nie słuchali mojego głosu ani nie szli za nim;
14 men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.”
Ale postępowali według uporu swego serca i [szli] za Baalami, jak ich nauczyli ich ojcowie;
15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.
Dlatego tak mówi PAN zastępów, Bóg Izraela: Oto nakarmię ich, ten lud, piołunem i napoję ich wodą żółci.
16 Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
Rozproszę ich między narodami, których nie znali oni ani ich ojcowie, i poślę za nimi miecz, aż ich doszczętnie wytracę.
17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere e rele fanm pou fè dèy, pou yo ka vini. Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!
Tak mówi PAN zastępów: Zastanówcie się i wezwijcie płaczki, i niech przyjdą; poślijcie po te, które są wyćwiczone w tym, i niech przyjdą.
18 Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou, pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka fè dlo kouri desann.
Niech się pospieszą, niech podniosą nad nami lament, aby łzami spływały nam oczy i powieki ociekały wodą.
19 Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion: ‘A la detwi nou vin detwi nèt! Nou te vin mete nan gwo wont, paske nou te kite peyi la, akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”
Głos lamentu bowiem słychać z Syjonu: Jakże jesteśmy spustoszeni! Jesteśmy bardzo zawstydzeni, bo opuściliśmy ziemię, zburzono nasze mieszkania.
20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo. Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li. Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy. Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.
Słuchajcie więc, kobiety, słowa PANA, niech wasze ucho przyjmie wyrok jego ust, abyście uczyły wasze córki lamentu, a jedna drugą – pieśni żałobnej.
21 Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.
Śmierć bowiem wtargnęła przez nasze okna, weszła do naszych pałaców, aby wytracić dzieci na rynku i młodzieńców na ulicach.
22 Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”
Mów: Tak mówi PAN: Nawet trupy ludzkie padną jak gnój na polu i jak snopy za żniwiarzem, a nikt ich nie zbierze.
23 Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
Tak mówi PAN: Niech się nie chlubi mądry swoją mądrością, niech się nie chlubi mocarz swoją siłą i niech się nie chlubi bogaty swoim bogactwem;
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
Ale kto chce się chlubić, niech się chlubi tym, że rozumie i zna mnie, [wie], że ja [jestem] PAN, który okazuje miłosierdzie, sąd i sprawiedliwość na ziemi. To bowiem [mi] się podoba, mówi PAN.
25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi—
Oto nadchodzą dni, mówi PAN, w których nawiedzę każdego obrzezanego i nieobrzezanego;
26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”
Egipt, Judę, Edom, Ammonitów, Moabitów i wszystkich, którzy są w najdalszych zakątkach i mieszkają na pustyni. Wszystkie te narody bowiem [są] nieobrzezane, a cały dom Izraela ma nieobrzezane serce.

< Jeremi 9 >