< Lik 14 >

1 Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.
Történt, amikor bement a farizeusok egyik vezetőjének házába szombaton ebédelni, azok figyelték őt.
2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.
És íme, egy vízkóros ember volt előtte.
3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”
Ekkor Jézus megszólalt, és megkérdezte a törvénytudóktól és farizeusoktól: „Szabad-e szombatnapon gyógyítani?“
4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.
Azok pedig hallgattak. Erre megfogta azt, meggyógyította és elbocsátotta.
5 Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
Nekik pedig ezt mondta: „Ki az közületek, akinek szamara vagy ökre szombatnapon kútba esik, és nem húzza ki azt azonnal?“
6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
De azok nem tudtak erre mit felelni.
7 Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo:
Egy példázatot is mondott a meghívottaknak, amikor észrevette, hogyan válogatják a főhelyeket. Ezt mondta nekik:
8 “Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la.
„Amikor valaki lakodalomba hív, ne ülj a főhelyre, mert talán nálad nagyobb tiszteletben álló embert is meghívott.
9 Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.
És odamegy az, aki mind téged, mind azt meghívta, ezt mondja majd neked: Engedd át ennek a helyet! És akkor szégyenkezve az utolsó helyre fogsz ülni.
10 “Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmivin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
Hanem ha meghívnak, menj el, és ülj le az utolsó helyre, hogy amikor odamegy, aki téged meghívott, ezt mondja neked: Barátom, ülj feljebb! Akkor becsületed lesz azok előtt, akik veled együtt ülnek.
11 “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
Mert mindenki, aki magát felmagasztalja, megaláztatik, aki pedig megalázza magát, felmagasztaltatik.“
12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
Szólt akkor annak is, aki őt meghívta: „Amikor ebédet vagy vacsorát készítesz, ne barátaidat, testvéreidet, rokonaidat, gazdag szomszédaidat hívd meg, hogy majd azok is viszonzásul meghívjanak téged.
13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo.
Hanem amikor lakomát készítesz, hívd meg a szegényeket, csonkabonkákat, sántákat, vakokat,
14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
és boldog leszel, mert azok nem tudják viszonozni, de majd viszonozzák neked az igazak feltámadásakor.“
15 Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”
Amikor ezeket meghallotta valaki, aki vele együtt ült, ezt mondta neki: „Boldog az, aki kenyeret eszik Isten országában.“
16 Men Li te di li: “Yonmesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun.
Ő pedig ezt mondta annak: „Egy ember nagy vacsorát készített, és sokakat meghívott.
17 Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
És elküldte szolgáját a vacsora idején, hogy mondja meg a meghívottaknak: Jöjjetek, mert már minden kész!
18 “Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz. “Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’
És mindnyájan egyformán kezdték magukat kimenteni. Az első ezt mondta neki: Szántóföldet vettem, és ki kell mennem, hogy megnézzem, kérlek téged, ments ki engem!
19 “Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’
A másik ezt mondta: Öt iga ökröt vettem, és elmegyek, hogy azokat kipróbáljam, kérlek téged, ments ki engem!
20 “Epi Yon lòt te di: ‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’
Megint egy másik ezt mondta: Most nősültem, és azért nem mehetek.
21 “Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
Amikor a szolga hazament, megmondta ezeket az ő urának. Akkor megharagudott a gazda, és ezt mondta szolgájának: Eredj hamar a város utjaira, és utcáira és hozd be ide a szegényeket, csonkabonkákat, sántákat és vakokat.
22 “Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.
És szólt a szolga: Uram, meglett, amint parancsoltad, és mégis van hely.
23 “Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen.
Akkor ezt mondta az úr a szolgának: Eredj el az utakra és a kerítésekhez, és kényszeríts bejönni mindenkit, hogy megteljék az én házam.
24 Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’”
Mert mondom nektek, hogy azok közül, akiket meghívtam, senki sem kóstolja meg a vacsorámat.“
25 Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo:
Nagy sokaság ment vele, és amikor megfordult, ezt mondta nekik:
26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
„Ha valaki hozzám jön, és meg nem gyűlöli az atyját és anyját, feleségét és gyermekeit, fitestvérét és nőtestvérét, sőt még a maga lelkét is, nem lehet az én tanítványom.
27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
És aki nem hordozza keresztjét, és nem jön utánam, nem lehet az én tanítványom.
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l?
„Mert ki az közületek, aki tornyot akar építeni, és először nem ül le, hogy kiszámítsa a költségeket, hogy van-e, amiből befejezze?
29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz.
Nehogy, miután fundamentumot vetett, és nem tudja befejezni, csúfolni kezdje őt mindenki, aki csak látja.
30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
És ezt mondják: Ez az ember elkezdte az építkezést, de nem tudta befejezni!
31 “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabòkalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil?
Vagy ha egy király, amikor háborúba megy, hogy egy másik királlyal harcba szálljon, nem ül-e le először tanácskozni, hogy tízezerrel szembeszállhat-e azzal, aki húszezerrel jön ellene?
32 Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
Mert különben, amikor az még távol van, követséget küld, és megkérdezi a békefeltételeket.
33 “Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li parenonse ak tout sa li posede.
Így tehát, ha valaki búcsút nem vesz minden vagyonától, nem lehet az én tanítványom.
34 “Konsa, sèl la bon; men si menmsèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l.
Jó a só, de ha a só ízét veszti, mivel sózzák meg?
35 Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”
Sem a földre, sem a trágyára nem alkalmas, tehát kidobják. Akinek van füle a hallásra, hallja!“

< Lik 14 >