< Nawoun 2 >

1 Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!
The one who will dash you to pieces is coming up against you. Man the city walls, guard the roads, make yourselves strong, assemble your armies.
2 Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.
For Yahweh is restoring the majesty of Jacob, like the majesty of Israel, although the plunderers devastated them and destroyed their vine branches.
3 Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt.
The shields of his mighty men are red, and the soldiers are clothed in scarlet; the chariots flash with their metal on the day that they are made ready, and the cypress spears are waved in the air.
4 Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray.
The chariots speed through the streets; they rush back and forth in the wide streets. They look like torches, and they run like lightning.
5 Li rele gèye pi chwa li yo. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare.
The one who will dash you to pieces calls his officers; they stumble over each other in their march; they hurry to attack the city wall. The large shield is made ready to protect these attackers.
6 Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt.
The gates at the rivers are forced open, and the palace falls to ruins.
7 Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap bat lestonmak yo.
Huzzab is stripped of her clothes and is taken away; her female servants moan like doves, beating on their breasts.
8 Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè.
Nineveh is like a leaking pool of water, with its people fleeing away like rushing water. Others shout, “Stop, stop,” but no one looks back.
9 Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo.
Take the silver plunder, take the gold plunder, for there is no end to it, to the splendor of all Nineveh's beautiful things.
10 Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!
Nineveh is empty and ruined. Everyone's heart melts, everyone's knees strike together, and anguish is in everyone; their faces are all pale.
11 Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè?
Where now is the lions' den, the place where the young lion cubs were fed, the place where the lion and lioness walked, with the cubs, where they were afraid of nothing?
12 Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim.
The lion tore his victims to pieces for his cubs; he strangled victims for his lionesses, and filled his cave with victims, his dens with torn carcasses.
13 “Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”
“See, I am against you—this is the declaration of Yahweh of hosts. I will burn your chariots in the smoke, and the sword will devour your young lions. I will cut off your prey from your land, and the voices of your messengers will be heard no more.”

< Nawoun 2 >