< Sòm 111 >

1 Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
Halleluja! jeg takker Herren af hele mit hjerte i oprigtiges kreds og i menighed!
2 Gran se zèv a SENYÈ yo! Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
Store er Herrens gerninger, gennemtænkte til bunds.
3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.
Hans værk er højhed og herlighed, hans retfærd bliver til evig tid.
4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.
Han har sørget for, at hans undere mindes, nådig og barmhjertig er Herren.
5 Li te bay manje a (sila) ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
Dem, der frygter ham, giver han føde, han kommer for evigt sin pagt i hu.
6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo, lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.
Han viste sit folk sine vældige gerninger, da han gav dem folkenes eje.
7 Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè.
Hans hænders værk er sandhed og ret, man kan lide på alle hans bud;
8 Yo va andire jis pou tout tan. Yo fèt nan verite avèk ladwati.
de står i al evighed fast, udført i sandhed og retsind.
9 Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li.
Han sendte sit folk udløsning, stifted sin pagt for evigt. Helligt og frygteligt er hans navn.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout (sila) ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!
Herrens frygt er visdoms begyndelse; forstandig er hver, som øver den. Evigt varer hans pris!

< Sòm 111 >