< Sòm 69 >

1 Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David. Sove mwen, O Bondye, paske dlo yo fin monte jis nan kou m!
[For the Chief Musician. To the tune of "Lilies." By David.] Save me, God, for the waters have come up to my neck.
2 Mwen desann fon nan labou. Nanpwen plas pou pye m kenbe. Mwen fin rive nan dlo fon yo, e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
I sink in deep mire, where there is no foothold. I have come into deep waters, where the floods overflow me.
3 Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.
I am weary with my crying. My throat is dry. My eyes fail, looking for my God.
4 (Sila) ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. (Sila) ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
Those who hate me without a cause are more than the hairs of my head. Those who want to cut me off, being my enemies wrongfully, are mighty. I have to restore what I did not take away.
5 O Bondye, Ou konnen foli mwen. Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
God, you know my foolishness. My sins aren't hidden from you.
6 Pa kite (sila) k ap tann Ou yo vin wont akoz mwen, O Senyè BONDYE dèzame yo. Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
Do not let those who wait for you be put to shame because of me, LORD of hosts. Do not let those who seek you be brought to dishonor through me, God of Israel.
7 Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch. Dezonè fin kouvri figi mwen.
Because for your sake I suffer insults. Shame has covered my face.
8 Mwen vin izole de frè m yo, tankou yon etranje de fis a manman m yo.
I have become a stranger to my brothers, a foreigner to my mother's children.
9 Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. Repwòch a (sila) ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
For the zeal of your house consumes me. The insults of those who insult you have fallen on me.
10 Lè mwen te kriye nan nanm mwen, e te fè jèn, sa te vin yon repwòch pou mwen.
When I wept and I fasted, it brought me insults.
11 Lè m te fè twal sak sèvi kon rad mwen, mwen te vin yon vye pawòl, yon rizib pou yo menm.
When I made sackcloth my clothing, I became a byword to them.
12 (Sila) ki chita nan pòtay yo pale afè mwen, e moun sòt yo fè chan sou mwen.
Those who sit in the gate talk about me. I am the song of the drunkards.
13 Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
But as for me, my prayer is to you, LORD, in an acceptable time. God, in the abundance of your loving kindness, answer me in the truth of your salvation.
14 Delivre mwen sòti nan labou a. Pa kite mwen fonse nèt ladann. Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
Deliver me out of the mire, and do not let me sink. Let me be delivered from those who hate me, and out of the deep waters.
15 Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen, ni fon an vale m, ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
Do not let the flood waters overwhelm me, neither let the deep swallow me up. Do not let the pit shut its mouth on me.
16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
Answer me, LORD, for your loving kindness is good. According to the multitude of your tender mercies, turn to me.
17 Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a, paske mwen nan gwo pwoblèm. Reponn mwen vit.
Do not hide your face from your servant, for I am in distress. Answer me speedily.
18 Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
Draw near to my soul, and redeem it. Ransom me because of my enemies.
19 Ou konnen repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an. Tout advèsè mwen yo devan Ou.
You know how I am insulted, and my shame, and my disgrace. My adversaries are all before you.
20 Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.
Insults have broken my heart, so that I am in despair. I looked for some to take pity, but there was none; for comforters, but I found none.
21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.
They also gave me gall for my food. In my thirst, they gave me vinegar to drink.
22 Ke tab devan yo devni yon pèlen. Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
Let their table before them become a snare, and a retribution, and a trap, and a stumbling block.
23 Ke zye yo vin twouble pou yo pa kab wè. Ke do yo koube nèt.
Let their eyes be darkened, so that they can't see, and make their backs weak continually.
24 Vide kòlè Ou sou yo. Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
Pour out your indignation on them. Let the fierceness of your anger overtake them.
25 Pou kan yo kapab dezole. Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
Let their habitation be desolate, and let no one dwell in their tents.
26 Paske yo te pèsekite (sila) ke Ou menm te blese a. Yo pale sou doulè a (sila) ke Ou menm te blese yo.
For they persecute him whom you have wounded. They tell of the sorrow of those whom you have hurt.
27 Ogmante inikite sou inikite yo. Ni pa kite yo antre nan ladwati Ou.
Charge them with crime upon crime. Do not let them come into your righteousness.
28 Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a. Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
Let them be blotted out of the Book of Life, and not be written with the righteous.
29 Men mwen aflije e mwen nan doulè. Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
But I am in pain and distress. Let your salvation, God, protect me.
30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo, epi leve Li wo avèk remèsiman.
I will praise the name of God with a song, and will magnify him with thanksgiving.
31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf, ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
It will please the LORD better than an ox, or a bull that has horns and hoofs.
32 Enb yo te wè sa e yo kontan. Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
The humble will see it and rejoice. You who seek after God, let your heart live.
33 Paske SENYÈ a tande malere yo, e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
For the LORD hears the needy, and doesn't despise his captive people.
34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
Let heaven and earth praise him; the seas, and everything that moves in them.
35 Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo, pou yo kab rete la e posede li.
For God will save Zion, and build the cities of Judah. They shall settle there, and own it.
36 Desandan a sèvitè Li yo va eritye li. (Sila) ki renmen non Li yo va rete ladann.
The children also of his servants shall inherit it. Those who love his name shall dwell in it.

< Sòm 69 >