< サムエル記Ⅱ 4 >

1 サウルの子イシボセテは、アブネルがヘブロンで死んだことを聞いて、その力を失い、イスラエルは皆あわてた。
Alò, lè Isch-Boscheth, fis a Saül la, te tande ke Abner te mouri Hébron, li te pèdi kouraj e tout Israël te twouble.
2 サウルの子イシボセテにはふたりの略奪隊の隊長があった。ひとりの名はバアナ、他のひとりの名はレカブといって、ベニヤミンの子孫であるベロテびとリンモンの子たちであった。(それはベロテもまたベニヤミンのうちに数えられているからである。
Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin.
3 ベロテびとはギッタイムに逃げていって、今日までその所に寄留している)。
Tout Beyewotyen yo te sove ale pou rive Guitthaïm e te rete la kòm etranje jis rive jodi a).
4 さてサウルの子ヨナタンに足のなえた子がひとりあった。エズレルからサウルとヨナタンの事の知らせがきた時、彼は五歳であった。うばが彼を抱いて逃げたが、急いで逃げる時、その子は落ちて足なえとなった。その名はメピボセテといった。
Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
5 ベロテびとリンモンの子たち、レカブとバアナとは出立して、日の暑いころイシボセテの家にきたが、イシボセテは昼寝をしていた。
Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a.
6 家の門を守る女は麦をあおぎ分けていたが、眠くなって寝てしまった。そこでレカブとその兄弟バアナは、ひそかに中にはいった。
Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale.
7 彼らが家にはいった時、イシボセテは寝室で床の上に寝ていたので、彼らはそれを撃って殺し、その首をはね、その首を取って、よもすがらアラバの道を行き、
Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan.
8 イシボセテの首をヘブロンにいるダビデのもとに携えて行って王に言った、「あなたの命を求めたあなたの敵サウルの子イシボセテの首です。主はきょう、わが君、王のためにサウルとそのすえとに報復されました」。
Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”
9 ダビデはベロテびとリンモンの子レカブとその兄弟バアナに答えた、「わたしの命を、もろもろの苦難から救われた主は生きておられる。
David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo,
10 わたしはかつて、人がわたしに告げて、『見よ、サウルは死んだ』と言って、みずから良いおとずれを伝える者と思っていた者を捕えてチクラグで殺し、そのおとずれに報いたのだ。
lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la.
11 悪人が正しい人をその家の床の上で殺したときは、なおさらのことだ。今わたしが、彼の血を流した罪を報い、あなたがたを、この地から絶ち滅ぼさないでおくであろうか」。
Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?”
12 そしてダビデは若者たちに命じたので、若者たちは彼らを殺し、その手足を切り離し、ヘブロンの池のほとりで木に掛けた。人々はイシボセテの首を持って行って、ヘブロンにあるアブネルの墓に葬った。
Alò, David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron.

< サムエル記Ⅱ 4 >