< 2 Imilando 16 >

1 Ngomnyaka wamatshumi amathathu lesithupha wokubusa kukaAsa uBahasha inkosi yakoIsrayeli wenyuka emelana loJuda, wakha iRama ukuze angavumeli ophumayo longenayo kuAsa inkosi yakoJuda.
Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a.
2 UAsa wasekhupha isiliva legolide esiphaleni senotho sendlu kaJehova lendlu yenkosi, wathumela kuBenihadadi inkosi yeSiriya owayehlala eDamaseko, esithi:
Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:
3 Kulesivumelwano phakathi kwami lawe laphakathi kukababa loyihlo; khangela, ngiyakuthumela isiliva legolide; hamba, yephula isivumelwano sakho loBahasha inkosi yakoIsrayeli ukuze enyuke asuke kimi.
“Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.”
4 UBenihadadi waseyilalela inkosi uAsa, wathuma induna zamabutho ayelawo ukuyamelana lemizi yakoIsrayeli, zasezitshaya iIjoni leDani leAbeli-Mayimi, lemizi yonke eyiziphala yakoNafithali.
Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo.
5 Kwasekusithi uBahasha esizwa wayekela ukwakha iRama, wawumisa umsebenzi wakhe.
Lè Baasha te tande sa, li te sispann ranfòse Rama, e li te kite travay li.
6 UAsa inkosi wasethatha uJuda wonke, bathutha amatshe eRama lezigodo zayo uBahasha ayesakha ngakho; wasesakha ngakho iGeba leMizipa.
Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa.
7 Ngalesosikhathi uHanani umboni wasefika kuAsa inkosi yakoJuda, wathi kuye: Ngoba weyeme enkosini yeSiriya, ungeyamanga eNkosini uNkulunkulu wakho, ngalokho ibutho lenkosi yeSiriya liphunyukile esandleni sakho.
Nan lè sa a, Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou.
8 AmaEthiyophiya lamaLibiya ayengeyisilo ibutho elikhulu, elezinqola labagadi bamabhiza abanengi kakhulu yini? Kanti lapho weyeme eNkosini, yawanikela esandleni sakho.
Èske Etyopyen yo avèk Libyen yo pa t yon lame ki vast avèk anpil cha ak chevalye? Men akoz ou te depann de SENYÈ a, Li te livre yo nan men ou.
9 Ngoba iNkosi, amehlo ayo agijima aye le lale emhlabeni wonke ukuthi izitshengise ilamandla ngalabo abanhliziyo yabo iphelele kuyo. Wenze ngobuthutha kulokhu, ngoba kusukela khathesi kuzakuba lezimpi kuwe.
Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”
10 UAsa wasemcunukela umboni, wamfaka entolongweni, ngoba wamthukuthelela ngalokhu. UAsa wasecindezela abanye ebantwini ngalesosikhathi.
Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.
11 Khangela-ke, izindaba zikaAsa, ezokuqala lezokucina, khangela, zibhaliwe egwalweni lwamakhosi akoJuda lakoIsrayeli.
Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo.
12 UAsa waba lomkhuhlane enyaweni zakhe, ngomnyaka wamatshumi amathathu lesificamunwemunye wokubusa kwakhe, umkhuhlane wakhe waze wakhula kakhulu; kanti lekuguleni kwakhe kayidinganga iNkosi, kodwa izinyanga.
Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè.
13 UAsa waselala laboyise wafa ngomnyaka wamatshumi amane lanye wokubusa kwakhe.
Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt li yo lè l fin mouri nan karanteyinyèm ane règn pa li a.
14 Basebemngcwaba emangcwabeni akhe ayezigebhele wona emzini kaDavida; bambeka embhedeni ayewugcwalise amaphunga amnandi lezinhlobonhlobo zamakha, ayenziwe ngokuhlakanipha kwezingcitshi zamakha; basebembasela umlilo omkhulu, omkhulukazi.
Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.

< 2 Imilando 16 >