< Псалтирь 30 >

1 Псалом песни обновления дому Давидова. Вознесу Тя, Господи, яко подял мя еси, и не возвеселил еси врагов моих о мне.
Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.
2 Господи Боже мой, воззвах к Тебе, и изцелил мя еси.
Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.
3 Господи, возвел еси от ада душу мою, спасл мя еси от низходящих в ров. (Sheol h7585)
Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri. (Sheol h7585)
4 Пойте Господеви, преподобнии Его, и исповедайте память святыни Его:
Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
5 яко гнев в ярости Его, и живот в воли Его: вечер водворится плачь, и заутра радость.
Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.
6 Аз же рех во обилии моем: не подвижуся во век.
Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.
7 Господи, волею Твоею подаждь доброте моей силу: отвратил же еси лице Твое, и бых смущен.
Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.
8 К Тебе, Господи, воззову, и к Богу моему помолюся.
Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.
9 Кая польза в крови моей, внегда сходити ми во истление? Еда исповестся Тебе персть? Или возвестит истину Твою?
Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
10 Слыша Господь и помилова мя: Господь бысть помощник мой.
Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!
11 Обратил еси плачь мой в радость мне, растерзал еси вретище мое и препоясал мя еси веселием,
Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.
12 яко да воспоет Тебе слава моя, и не умилюся. Господи Боже мой, во век исповемся Тебе.
Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

< Псалтирь 30 >