< Salmos 121 >

1 Cántico gradual. ALZARÉ mis ojos á los montes, de donde vendrá mi socorro.
Yon Sòm pou monte vè tanp lan Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?
2 Mi socorro [viene] de Jehová, que hizo los cielos y la tierra.
Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
3 No dará tu pie al resbaladero; ni se dormirá el que te guarda.
Li p ap kite pye ou chape. (Sila) ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
4 He aquí, no se adormecerá ni dormirá el que guarda á Israel.
Gade byen, (Sila) ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 Jehová es tu guardador: Jehová es tu sombra á tu mano derecha.
SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 El sol no te fatigará de día, ni la luna de noche.
Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit.
7 Jehová te guardará de todo mal: él guardará tu alma.
SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou.
8 Jehová guardará tu salida y tu entrada, desde ahora y para siempre.
Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

< Salmos 121 >